CULTURESOCIÉTÉ

Men poukisa pa gen manifestasyon san mizik an Ayiti

0

Mizik toujou akonpanye pèp ayisyen nan tout lit yo.

« Anmwey, m pa kapab ankò, se yo ankò, yo menm ankò ». Sa se pawòl mizik yon gwoup ki rele Boukman Eksperyans Theddy Dauphin ap fredone ak anpil souplès. Se yon ansyen etidyan nou te rankontre lakay li nan Dèlma.

Theddy se yon ansyen etidyan Sosyoloji ki rantre nan Fakilte Syanzimèn nan lane 2005. Li te aktif anpil nan kèk mouvman pwotestasyon. Daprè Theddy, mizik Boukman Eksperyans sa a ak anpil lòt melodi te konn sèvi etidyan yo lè yo nan lari a ap manifeste.

Fakilte Syanzimèn se youn nan antite nan Inivèsite Leta a ki te enplike anpil nan mouvman revandikasyon yo nan lane 2004. Sa ki te fè kèk patizan pouvwa an plas la (Lavalas) te sible moun ki frekante espas la.

Pa gen manifestasyon san mizik

Johnny Gene, yon lòt etidyan nan Sosyoloji nan Fakilte Syanzimèn delare menm jan ak Theddy Dauphin : « Pa gen manifestasyon san mizik. » Johnny li menm rantre nan  ane 2014. Se nan espas fakilte a nou te chita pale avè l.

Menmsi li pa atis, Johnny deklare mizik se enèji. « Mizik la ban nou fòs, li ede nou ret motive lè nou nan lari a.» Apranti sosyològ la fè konnen nan mitan etidyan yo gen sanba, sa vle di moun ki konn chante, ki ka mennen yon manifestasyon. « Pafwa se pawòl yo mete sou yon mizik ki te la deja, pafwa se tout mizik la yo itilize. »

Selon Ludwy Jean Paul alyas Tilou, ki se yon melomàn, pa gen yon stil mizik espesyal pou mennen manifestasyon. Vodou oswa levanjil, tout mizik jwe nan manifestasyon yo. « Tilou di pafwa se pawòl yo ki enterese moun yo, konsa tou kèk fwa se melodi a ki antrene yo. »

Li ajoute, nan lane 2004, yo te konn jwe anpil mizik Boukman eksperyans sou pakou manifestasyon yo. Kanaval ki gen pou tit K+K= 2k a se youn nan egzanp.

Jounen jodi a nou gen tandans tande kèk mizik levanjil nan menm aktivite sa yo. Mizik ki di « M ap repare tout sa cheni yo te gate » a se yon chante levanjil moun yo adapte nan manifestasyon paske daprè Tilou pawòl nan chante sa tradui sa moun yo vle di.

Mizik  gen 2 vizaj, se swa li motive ou, oubyen li kraze ou

Li 2 zè aprèmidi nan lokal Jaden sanba nan Rue O. Se yon gwo lakou kote atis, entelektyèl ak kèk lòt moun reyini pou pran plezi, bwè, fimen ak diskite.

Jacques Adler Jean Pierre, jounalis kiltirèl rele Sanba Yanmba Ye ki se atis pou ede l pale de wòl mizik nan mouvman popilè yo. Pou sanba a, mizik se terapi e li transandantal.

Jacques Adler sou bò pa l, panse mizik la rive pi lwen pase lòt fòm travay atistik yo. « Nan tout kreyasyon atisitik, mizik se youn ki gen plis fòs », konsa jounalis la t ap pale. Daprè Jacques Adler, « lè ou met son sou yon pawòl, li ale pi lwen pase pawòl la poukont li. »

Jounalis kiltirèl la deklare depi yo kòmanse fè chante sou ou oswa ba ou tinon se swa ou pran fòs oubyen ou febli. « Lè Aristid te fèk parèt, pèp la te rele l « Titid » paske yo te renmen l. Alòske kounya, pou Jacques Adler ti non « Jojo » yo bay prezidan repiblik la montre l ap pèdi pye. » Jojo dòmi deyò… yon mizik rara ki jwe nan manifestasyon pa t ap antrenan konsa si se Jovenel yo te di nan plas Jojo daprè jounalis la.

Jacques Adler kontinye pou l di mizik gen 2 vizaj, se swa li motive ou  oubyen li kraze ou. « Lè manifestan yo di « grenadye alaso, sa ki mouri zafè a yo », yo pran fòs, yo motive plis. Menm lè youn ta tonbe, yo kontinye mache ak kò a pandan y ap chante. Nan sans sa a mizik la motive yo. Alòske menm mizik sa a kraze moun y ap pwoteste kont li a.»

Mizik tèlman enpòtan nan manifestasyon, òganizatè yo konn peye bann vin jwe pou yo selon Jacques Adler. Toutfwa, jounalis la mansyone li menm li pa rantre nan pratik sa a.

Mizik reziztans nan kèk lit

« Mizik se jan ou ranje son ak silans pou li bay kreyasyon ak reprezantasyon yon reyalite. Mizik se yon mwayen kominikasyon tou», pawòl Vanessa Jeudi ki se chantèz.

Vanessa deklare depi l piti, l ap chante mizik angaje paske li te leve nan mizik Gospel. «Gospel se yon fòm mizik angaje ki soti nan « Work song » ki li menm pran nesans nan lit moun nwa yo nan peyi Etazini. Lè nwa yo t ap travay kòm esklav nan chan koton yo, yo te konn chante yon mizik pou mèt espirityèl yo, se li yo rele « Work song » nan. Moun sa yo te konn kontinye chante l nan tanp yo pandan y ap priye. Kidonk Gospel la  te senbolize mizik angajman moun nwa yo nan lit kont segregasyon. »

Toutfwa, se nan lane 2012-2013 yo, Vanessa ta pral kòmanse fè sa li rele mizik kontestatè. Se yon fòm mizik daprè li ki konsyantize moun. Fakilte Syanzimèn ak ENARTS ki se 2 lekòl kote atis la pran fòmasyon ta pral fasone jan li fè mizik. « M vin kesyone reyalite m ak tout sa m te pran pou aki. » Se petèt travay sa a Vanessa ap pale a ki te fèt nan mizik nou depi kèk tan.

1986, yon ane enpòtan

Lane 1986 ki raple chit rejim divalyeris la, make tou yon peryòd detèminan nan istwa mizik rezistans yo nan peyi Dayiti, si nou kwè Tilou Jean Paul.

Paske se yon epòk ki vin bay moun yo lalwa bouch yo. Anpil atis itilize mizik pou tradui emosyon yo, pase fristrasyon ak revandikasyon yo. Tilou raple youn nan mizik ki te mache anpil  tousuit apre depa Jean Claude Duvalier se yon chante Valery Daudier ki te titre « Lè m pa wè solèy la » « Se pa t vrèman yon mizik angaje, men yon mizik pou Radyo Solèy, ki se yon stasyon Legliz katolik ki t ap  denonse move kondisyon lavi moun nan peyi a. Radyo a te vin fèmen, sa ki ta pral fè mizik sa a vin tounen yon mizik rezistans », selon Tilou.

Melomàn nan fè nou konnen aprè 1986 gen anpil mizik angaje ki ta pral parèt paske te toujou gen pwoblèm politik. Nan epòk la gen de vwa ki te jis senbolize rezistans tankou vwa Manno Charlemagne. Vwa chantè sa a make epòk 1990 yo. « Se tout mizik Manno yo ki te senbolize rezistans. Sepandan, mizik ki te pi mache se tit ki te di « dechoukaj la poko fini an » », Mizik sa a t ap denonse Konsèy Gouvènman an ki te ranplase pouvwa Divalye a ki daprè Manno te toujou gen patizan ansyen rejim nan.

Scorpio ki se yon gwoup konpa te pwodui 2 mizik  mouvman popilè yo ta pral adopte toujou selon Tilou Jean Paul. « Timoun yo ki t ap iwonize yon pawòl Jean Claude Duvalier te fè lè li te prezidan (ke makak la kase) ak « Jouk kilè » ki t ap denonse Henry Namphy.  Se te de mizik ki te mache anpil.»

Apati lane 1990 yo, mizik rasin yo ta pral domine mouvman popilè yo si nou kwè Tilou Jean Paul. Li bay twa tit pou esplike lide li a.

« « Kè m pa sote » se yon kanaval Boukman Eksperyans nan epòk la ki te mache anpil e plizyè moun konsidere l kòm mizik ki te voye Avril ale ».

« Manman poul la » se mizik Koudjay ki te vin popilè anpil. « Gwoup la t ap denonse yon swadizan konplo Ertha Pascal Trouillot pou pa remèt pouvwa bay Aristide. »

Gwoup Chandèl te soti yon kanaval ki rele « Depa volontè » pou denonse politik ki vle privatize antrepriz piblik yo.

 Èske mizik gen pouvwa pou poze de aksyon tankou voye yon prezidan ale ?

Tilou Jean Paul pa rete kwè sa a. Li di : « Souvan mizik la ap di ou ankouraje sa moun deja panse ou dakò. Li mobilize moun yo men se pa li ki aji pou yo. »

Vanessa Jeudi ale nan menm sans la. Li rekonèt mizik ka fè anpil efè sou moun depandan de moun nan, moman ak kondisyon yo.

Men, chantèz la pa gen pretansyon mizik li ka chanje konpòtman moun. «Mizik pou kont li pa ka chanje yon sistèm, men li ka akonpanye yon ansanm de aksyon k ap poze pou chanbade sistèm sa a. »

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *